Accessibility links

Breaking News
Azi

Pervez Musharraf, Ansyen Lidè Pakistan, Mouri


Foto Achiv: Prezidan Pakistane Pervez Musharraf koute im nasyonal la anvan li prete seman kom prezidan sivil peyi a nan Islamabad, 29 Nov. 2007.
Foto Achiv: Prezidan Pakistane Pervez Musharraf koute im nasyonal la anvan li prete seman kom prezidan sivil peyi a nan Islamabad, 29 Nov. 2007.

Responsab yo di Jeneral Pervez Musharraf, ki te sezi pouvwa peyi Pakistan san oken san pat koule epi ede Etazini mennen lagè kont Afghanistan mouri. Li te gen 79 an.

Otorite Pakistan yo anonse nouvèl la Dimanch.

Jeneral la te dirije Pakistan apre kou deta li a an 1999, nan moman kote peyi a te fè fas ak gwo tansyon ak peyi End, yon skandal pwopagasyon zam nikleyè epi yon rebelyon ekstremis Islamik. Misye te rache manyok li an 2008 nan moman kote yo tap pare pou akize l pou krim epi wetire l sou pouvwa a.

Pi ta, Musharraf te deside al viv an egzil nan Dubai pou evite lajistis pousuiv li. An 2012 li te eseye fè yon "comeback" politik.

Shazia Siraj, potpawol Konsila Pakistan nan Dubai konfime lanmo a epi di diplomat yo ap apiye fanmi li.

Lame Pakistan te rann omaj a jeneral la tou.

XS
SM
MD
LG