Accessibility links

Breaking News

Hawayen ap Kite Zile a pou al Viv Las Vegas Kote Lavi Mwen Chè


Doreen Hall Vann mache ak pitit gason li Zaiden nan vil Las Vegas, Nevada, 21 Janvye 2021.
Doreen Hall Vann mache ak pitit gason li Zaiden nan vil Las Vegas, Nevada, 21 Janvye 2021.

Moun ki pran nesans sou zile Hawaii yo e ki pa gen lajan ase pou jwenn lojman ap kite zile a pou al viv nan vil tankou Las Vegas kote lavi a mwen chè.

Dapre resansman ki fèt Ozetazini an 2021, natif natal Hawaii yo reprezante pi gwo gwoup moun ki te al viv nan awondisman Clark nan eta Nevada epi Sacramento nan Kalifoni.

Nan Honolulu, pri mwayen pou yon kay kote yon sèl fanmi ka rete se plis pase $1 milyon.

Kounyea, Hawaii vin tounen eta Ameriken kote lavi a pi chè e gen anpil moun ki gen kè sote pou kisa savledi pou yon achipèl kote pi fo pèp endijèn nan pa gen ase lajan pou viv.

XS
SM
MD
LG