FAA – ki se yon branch nan Depatman Transpò Etazini – fè konnen pwoblèm nan rive pandan anplwaye t ap travay « pou re-senkwonize done sou sa ki t ap pase an dirèk ak done ki te la deja nan memwa sistèm nan.” FAA di “jouk kounyea li pa gen okenn prèv ke se yon atak sou entènèt oubyen lide mechanste, ki ta lakoz pwoblèm nan.”
Administratè pwovizwa FAA Billy Nolen gen plan fè yon reyinyon sou entènèt vandredi pou palmantè ak anplwaye k ap chache detay sou sa ki te vire mal nan yon baz done pou pilot, e ki te lakoz avyon pa te ka pati nan tout peyi a, premye fwa sa te rive depi atak 11 Septanm 2001 yo.