Accessibility links

Breaking News

Mach Pou Lavi Retounen Washington ak yon Nouvo Objektif


Foto Achiv: Mach pou Lavi a, nan Washington, 21 Janvye 2022.
Foto Achiv: Mach pou Lavi a, nan Washington, 21 Janvye 2022.

Sa gen yon ane desa, Mach pou Lavi a ki se yon manifestasyon ki dewoule chak ane kote manifestan yo pwoteste kont avotman legal nan Washington, te gen yon anbyans triyonfal.

Manifestan yo te kontan apre majorite jij konsevate Kou Siprèm nan te pran yon desizyon ki minnen desizyon istorik Roe v. Wade la, ki te legalize avotman toupatou Ozetazini.

Kounyea, Mach pou Lavi a gen yon nouvo objektif. Olye manifestan yo konsantre atansyon yo sou Kou Siprem nan, yo gen entansyon vize pito Capitol la ane sa a.

Oganizate yo estime yon afè 50,000 moun va patisipe nan mach la ane sa a, ki se menm kantite ki te patisipe ladann ane pase a.

XS
SM
MD
LG