Accessibility links

Breaking News
Azi

Vyetnam: Prezidan Nguyen Xuan Phuc Bay Bemisyon li


VIETNAM-POLITICS/
VIETNAM-POLITICS/

Prezidan peyi Vyetnam Nguyen Xuan Phuc bay demisyon li madi, e se pi gwo otorite nan gouvènman an ki demisyonnen apre yon seri eskandal kòripsyon ki fè gwo bri, e ke yo lage sou do li.

Ajans nouvèl leta Vyetnam rapòte ke li demisyonnen pandan yon reyinyon Komite Santral Pati Kominis la ki te fèt « pou konsidere e bay opinion sou volonte Kanmarad Nguyen Xuan Phuc pou li pran retrèt li.” Pawòl ki nan anons la bay bon jan siy ke yo te fòse li demisyonnen.

Phuc, ki gen 68 lane, te sèvi gouvènman an nan nivo pwovens an 1979 e te pran premye pozisyon-li nan gouvènman nasyonal-la an 2006. Li te antre nan Politburo a, gwoup pi wo-plase nan pati-a, an 2001, e li li te premye-minis an 2016 jiska 2021, lè-l te eli prezidan Asanble Nasyonal la.

Men vrèman pozisyon ki gen pouvwa a se sekretè jeneral Pati Kominis la, ki nan men Nguyen Phu Trong, ki an 2021 te jwenn yon 5èm manda, bagay ki pa fèt fasil.

XS
SM
MD
LG