Accessibility links

Breaking News

Wells Fargo Pral Oblije Peye $3.7 Milya Dedomajman pou Vyolasyon Lwa Ki Pwoteje Konsomatè yo


Foto Achiv: Yon Afich bank wells Fargo, nan Bradenton, Florid.
Foto Achiv: Yon Afich bank wells Fargo, nan Bradenton, Florid.

Gwo bank Ameriken Wells Fargo dako pou l peye $3.7 milya dedomajman pou vyolasyon lwa ki pwoteje konsomatè yo. La jistis akize Wells Fargo dèske li te chaje kliyan li yo frè ak enterè ilegalman sou prè lajan pou achte oto epi kay. Yo akize'l tou dèske li chaje kliyan yo yon pakèt lajan pou chèk yo ekri san pwovizyon.

Biwo Pwoteksyon Finansye Konsomatè yo pase lòd bay Wells Fargo Madi pou'l peye konsomatè yo $2 milya dola epi li ajoute yon penalite $1,7 milya sou montan an.

Se pi gwo som lajan Wells Fargo janm oblije peye kom rezilta yon pwosè. Bank sila a pase plizyè zane ap eseye reprann ni apre yon seri skandal ki gen rapò ak jan li konpòte'l vizavi konsomatè yo.

Rezèv Federal la kontinye sipèvize bank la.

XS
SM
MD
LG