Accessibility links

Breaking News

Claudine Gay d Orijin Ayisyèn Se Pwochen Prezidan Inivèsite Harvard


Harvard President
Harvard President

Claudine Gay ki gen dorijinn ayisyèn tounen Premye fanm nwa ki pral dirije inivèsite Harvard, ki se youn nan pi gwo inivèsite nan lemond.

Nan yon diskou li te deklare "Mwen se Claudine Gay, e mwen onore pou m kanpe devan nou kòm pwochen prezidan Harvard.University "

Inivèsite Harvard anonse ye Jedi 15 desanm la ke Claudine Gay pral vin 30yèm prezidan institisyon an, sa pral fè de li premye moun Nwa ak dezyèm fanm ki pral dirije lekòl "Ivy League" pretisje a.

Claudine Gay, ki kounye a se yon dwayen nan inivèsite a e yon etidyan demokrasi, pral pran pòs prezidan an nan dat 1ye jiyè.2023, li pral ranplase Lawrence Bacow, ki limenm ap demisyone kòm prezidan paske li di ke li vle pase plis tan ak fanmi l.

Li kontinye poul di " paran mwen se imigran ki soti Ayiti. Yo te vin Ozetazini ak preske anyen epi yo te fe efò pou yo arive nan kolèj pandan ke yo tap elve fanmi nou. Manman mwen te vin yon infimye e papa mwen te vin yon ingenyè sivil e se City college of New york la ki te pèmet karyè sa posib pou yo . Ale nan Kolèj te toujou yon bagay ke yo te atann de mwen."

Yon pitit imigran ayisyen, Claudine Gay konsidere kòm yon lidé ki gen yon vwa sou kesyon patisipasyon nan politik Ameriken an. Pami pwoblèm ak sitiyasyon ke li arive eksplore youn nan yo se ki jan yon seri de faktè sosyal e ekonomik arive fòme e infliyanse opinyon politik ak fason sitwayen yo vote.

Li se tou fondatè Harvard's Inequality in America Initiative, ki se yon inisyativ ki etidye pwoblèm tankou efè povrete sou timoun ak manke opòtinite pou yo jwen yon edikasyon ak inegalite nan sosyete Ameriken an nan yon pèspektiv global.

Avèk nominasyon Claudine Gay a, pral gen plis fanm ke gason kòm chèf nan 8 lekòl Ivy League yo. Nan kòmansman ane sa a inivèsite Dartmouth ak University of Pennsylvania te nonmen fanm nan tèt yo, yo rejwenn Brown University avek Cornell University . se Columbia, Princeton ak Yale University ki gen gason ki toujou ap dirije yo

Kounye a Claudine Gay se sèl prezidan Nwa desandan ayisyen nan yon inivésite Ivy League li se tou dezyèm fanm ki rive nan tèt gwo inivesite sa

Anba lidèchip li, inivesite Harvard la te rejwenn Massachusetts Institute of Technology nan yon batay legal kont desizyon administrasyon Trump la te pran pou fè etidyan entènasyonal yo ki vle di etidyan kap soti lòt kote pou vin etidye isit Ozetazini kite peyi a si oka yo te planifye pou pran tout klas yo sou entènèt pendan sezon otòn 2020 an nan moman peyi a te frape anba gwo pandemi Covid la

Claudine Gay te kritike politik sa e li te kalifye li de "mechanste" ak "ensousyan".

Harvard te vin youn nan premye inivèsite ki te fé chanjman nan metòd aprantisaj a distans nan kòmanseman pandemi an

Nan diskou li a, Claudine Gay te mande pou gen yon pi gwo kolaborasyon pami fakilte yo nan Harvard epi li te di ke gen yon ijans pou inivèsite a angaje tet li plis nan mond lan epi pou "pote san nef ak nouvo fason panse ki pemet nou fonse epi brave pi gwo defi ki enfas nou yo."

Premye defi claudine Gay ap gen poul fè fas avek li kòm prezidan inivèsite a se revizyon Tribinal Siprèm lan ap fè sou itilizasyon ras nan admisyon etidyan yo nan lekòl la Tribinal la ap mete presyon nan pwosesis la sou Harvard ak University of North Carolina, ki konsidere ras yon moun pami plizyè lòt faktè lè yap chwazi elèv yo.

Yon löt enstans Tribinal la te konfime pratik sa nan tou de inivèsite yo, li rejte reklamasyon ke yo te fè diskriminasyon kont etidyan Azyatik Ameriken yo. Men gen 6 jij konsèvatif tribinal segondè a ki eksprime dout sou pratik sa a, ki te konfime anba desizyon Tribinal Siprèm la nan ane 1978.

XS
SM
MD
LG