Accessibility links

Breaking News

Restriksyon Tit 42 ap Rive nan Bout-li


Venezuelan migrants pray after a U.S. judge declared Title 42 used to expel migrants from the United States as illegal at a camp on the banks of the Rio Bravo river, in Ciudad Juarez
Venezuelan migrants pray after a U.S. judge declared Title 42 used to expel migrants from the United States as illegal at a camp on the banks of the Rio Bravo river, in Ciudad Juarez

Tit 42 – yon restriksyon nan epòk pandemi-an ki te bloke imigran pou yo pa chache azil nan Etazini – l-ap rive nan bout-li e Depatman Sekirite Enteryè prezante pwen pa pwen kouman li pwal abòde kesyon fwontyè Etazini-Meksik-la, si otorite-yo aboli lòd sa-a.

Yon jij federal nan Washington te òdone pou fè respekte Tit 42 a an Desanm 2021. Eta ki gen Repibliken nan tèt yo

te ale ann apèl pou mande tribinal-la kenbe li. Administra-syon Biden nan te defye kèk pati nan desizyon tribinal ki te leve restriksyon ki te la sou Trump kont demand azil.

Depatman Sekirite Enteryè fè konnen ajans la déjà ap ekzekite plan pou jere kantite migran k-ap ogmante sou fwontyè Etazini-Meksik-la, antwòt nan anplwaye mwayen pou mete-yo deyò byen vit nan kad sa ki rele Tit 8 la.

Tit 8 la, antwòt, bay dwa pou travay rapid sou ka moun ki janbe fwontyè-a san otorizasyon legal, e si yo paka tabli yon baz legal pou yo rete Etazini, mete-yo deyò byen vit nan peyi-a, » dapre Depatman Sekirite Enteryè.

XS
SM
MD
LG