Prezidan Etazini Joe Biden siyen yon lwa istorik ayè madi a ki pwoteje nan nivo federal maryaj pou moun menm sèks e ant moun ras diferan.
Desizyon sa a anile Lwa 1996 pou Defans Maryaj la, ki te defini maryaj kòm afè yon fanm ak yon gason nan kad lwa federal.
Nouvo lwa a mande tou pou chak eta rekonèt maryaj ant moun sèks diferan ak ras diferan, ki fèt nan lòt eta, malgre li pa anpeche eta yo pase lwa ki entèdi maryaj sa yo.