Accessibility links

Breaking News

Pewou: Kriz Politik la Kontinye


PERU PROTESTAS
PERU PROTESTAS

Kriz politik ap kontinye nan peyi Pewou menm jan manifestasyon ap kontinye melanje ak lese frape ant Lapolis ak pèp souvren.

Yè lendi 12 desanm ankò, lapolis anti-emeut te deplwaye anpil estrateji pou anpeche manifestan yo rive nan lokal palman nan kapital la, Lima.

Manifestan yo mande demisyon manm palman an apre yon kriz konstitisyonèl ki debouche sou yon tranzisyon prezidansyèl lè ansyen prezidan an Pedro Castillo tap chèche kraze palman sa-a ki li-menm retirel sou pouvwa-a.

Manifestan a travè Pewou mande nouvo prezidan Dina Boluarte pou l bay demisyon l e òganize rapidman eleksyon pou ranplase tout manm palman an . Plizyè fwa lapolis te oblije itilize gaz lakrimojèn pou gaye plizyè milye manifestan ki te rasanble e ki tap voye wòch sou polisye yo . Manifestasyon vin pi vyolan kote gen 4 moun ki déjà pèdi la vi-yo san bliye yon pakèt blese

Fineray youn nan 4 viktimyo te dewoule lendi-a an , nap pale de Beckham Romario Quispe Garfias, 17 tan . Li te mouri pandan manifestasyon kont nouvo gouvènman ak palman-an ki ranvèse prezidan eli-a Pedro Castillo.

Lendi nouvo prezidan te anonse li tap voye yon pwopozisyton bay palman-an pou eleksyon jeneral yo dewoule an avril 2024 olye de 2026. An atandan manifestasyon yo ap kontinye nan peyi anden an.

XS
SM
MD
LG