Accessibility links

Breaking News

Masak nan RDC: Nasyonzini Deklare Rebèl M23 yo Touye Omwens 131 Sivil


DRCONGO-CONFLICT-UNREST-RDC
DRCONGO-CONFLICT-UNREST-RDC

Yon ankèt preliminè Nasyonzini akize rebèl M23 yo nan Repiblik Demokratik Kongo deske yo te egzekite omwen 131 sivil epi komèt zak vyòl ak piyaj nan 29 ak 30 novanm nan 2 vilaj ki sitiye nan lès peyi a, kòm vanjans pou eklatman ak yon gwoup ame.

Otorite Kinshasa yo te fè yon bilan lendi kote te di anviwon 300 sivil te pèdi lavi yo nan vilaj Kishishe, ki nan pwovens Nò Kivu.

Ankèt preliminè sa ke Nasyonzini rann piblik, baze sou temwayaj plizyè moun fè, e misyon Nasyonzini an nan Repiblik Demokratik Kongo (Monusco) ki te bay rapò sa, e rapò konsène Kishishe ak vilaj vwazen an nan Bambo.

Pami 131 sivil sa yo genyen (102 gason, 17 fanm ak 12 timoun) ki mouri "pandan zak reprezay kont popilasyon sivil la". " Yo egzekite viktim yo abitrèman ak bal oswa ak kout kouo," Monusco te di nan yon nòt pou laprès. "8 moun te blese tou pa bal e yo kidnape 60 lòt sivil . Gen Omwen 22 fanm ak 5 tifi ki sibi zak vyòl."

"Vyolans sa a te komèt nan kad yon kanpay asasina, vyòl, kidnapin ak piyaj kont 2 vilaj sa nan teritwa Rutshuru an revanj pou gwo batay ki te gen ant M23 la" ak FDLR (Fòs Democratiques Liberasyon Rwanda) ak lòt gwoup ame .

Se Biwo Konjwen Dwa Moun Nasyonzini (UNJHRO) ak Monusco kit te fè ankèt la. Yo te fè "entèvyou ak 52 viktim ak lòt temwen " nan Rwindi kote yo gen yon baz Monusco ak kote viktim ak temwen te kouri al pran refij.

Envestigatè yo pa t 'kapab ale nan Kishishe ak Bambo "akoz yo pa ka garanti sekirite yo lefèt ke Kishishe kounye a sou kontwòl M23, epi yo pa riske lavi sitwayen yo ak zak reprezay kont lòt viktim ak temwen ki toujou prezan nan zòn nan" dapre sa MONUSCO te fè konen .

Yo fè konen ke rezilta ankèt sa yo preliminè "e chif sa yo kapab evolye".

Nan dat 1ye desanm, lame Kongo a te akize M23 a deske li te komèt zam masak sou omwen 50 sivil nan Kishishe, yon chif ke gouvènman an panse ki ka pi plis .

M23 a te demanti akisayon sa a. Yo te deklare ke yo sèlman rekonèt lanmò 8 sivil ki te pèdi lavi yo akoz bal mawon.

XS
SM
MD
LG