Accessibility links

Breaking News

Eske Joe Biden Ap Kandida Pou Prezidan Ankò?


President Joe Biden speaks before signing H.J.Res.100, a bill that aims to avert a freight rail strike, Dec. 2, 2022, in Washington.
President Joe Biden speaks before signing H.J.Res.100, a bill that aims to avert a freight rail strike, Dec. 2, 2022, in Washington.

Li posib pou aktyel prezidan Etazini al poze kandidati on lòt fwa pou yon dezyèm manda nan tèt peyi a.

Apre vwayaj li madi nan eta Arizona, sa montre klèman e pwouve ke lidè Demokrat la ki gen 80 an ap gade pou l wè si li ta rete chita sou chèz boure a nan Mezon Blanch lan - jiskaske li vin gen 86 an.

Li vizite kek eta pou premye fwa kòm prezidan. Rezon ofisyèl Lamezonblanch bay la se pou fè pwomosyon yon nouvo faktori semi-kondikte nan Phoenix. Men li pa nye ke eta sa a ki nan sid-lwès Etazini, pwofondman divize.

Eleksyon mitan mwa Novanm nan, kote Repibliken yo echwe pou yo repran Sena a epi yo rive sèlman pran Chanm Reprezantan an ak yon majorite tou mens.

Pandan opozan li a Donald Trump kòmanse pwòp kanpay li a la prezidans pou 2024, prezidan Ameriken aktyèl la ap jwi pi bon peryòd premye manda li.

Gwo pwogram envestisman administrasyon Biden te jwen apwobasyon Kongrè a nan 2 ane ki sot pase yo. Yo kòmanse bay rezilta, kote yo y ap envesti lajan nan fabrikasyon pwodwi gwo teknoloji, tankou semi-kondikte, nan mond lan enèji vèt la epi tou nan enfrastrikti pi tradisyonèl tankou wout ak pon.

XS
SM
MD
LG