Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Medikaman Ralanti Pwogresyon Maladi Alzheimer's


Foto Achiv: Yon sevo imen ki afekte pa maladi Alzheimer's.
Foto Achiv: Yon sevo imen ki afekte pa maladi Alzheimer's.

Kek nouvo done montre yon medikaman eksperimantal pou trete moun ki gen maladi ALzheimers kapab ralanti pwogresyon maladi sa a.

Pwochen kestyon moun ap poze se konbyen diferans li ka fe nan lavi moun ki gen maladi a.

Konpayi famasetik Japone Eisai ak patne Ameriken li, Biogen anonse nan komansman sezon otònn nan ke medikaman ki rele "lecanemab la" sanble efikas. Se yon gwo nouvel ki bay espwa pou cheche kap travay pou devlope pi bon tretman pou Alzeheimer's.

Madi konpayi yo pibliye rezilte etid yo fe. Eisai di benefis nouvo tretman an pote se ke li ralanti pandan 5 mwa, pwogresyon maladi a. Etid yo fe a te dire 18 mwa.

Administrasyon Manje ak Medikaman Etazini an gen pou deside kounyea si li pral apwouve medikaman an. Si li apwouve'l li pral disponib sou mache a nan komansman mwad Janvye a.

XS
SM
MD
LG