Accessibility links

Breaking News
Azi

Sekouris Endonezyen ap Chache Moun ki Disparèt nan Tranblemanntè a


Sekouris yo ak manm fanmi viktim yo pote kadav yon moun ki mouri nan tranblemannte a nan Wes Java, Endonezi, 23 Nov. 2022.
Sekouris yo ak manm fanmi viktim yo pote kadav yon moun ki mouri nan tranblemannte a nan Wes Java, Endonezi, 23 Nov. 2022.

Ekip rechèch ak sovtaj nan Endonezi te travay jodia pou jwenn moun ki sou lis disparèt toujou nan tranblemanntè 5,6 ki te frape Cianjour nan lwès Java lendi apremidi.

Chèf ajans ki jere dezas, Suharyanto, di jounalis yo madi swa gen 151 moun ke yo pako ka jwenn, e ke sekouris pwal chache yo anba tout moso debri bilding.

Goudou-goudou a touye 268 moun pou pi piti e blese plis pase mil lòt. Te gen plis pase 58-mil moun ki kite lakay yo e 22-mil kay ki donmaje.

Anpil nan moun ki mouri yo se timoun ki te lekòl lè soukous la te frape pwovens ki pi peple a nan Edonezi.

XS
SM
MD
LG