Mwayen Oryan
2 Eksplozyon Souke Israel

2 eksplozyon fet tou pre yon arè otobus nan Jeruzalem nan hè pwent yo. Yon tinedjè Kanadyen-Israelyen pèdi lavi'l e omwens 18 lot moun blese nan sa lapolis Israelyen dekri tankou yon atak Palestinyen.
Premye eksplozyon an fet Mekredi tou pre yon arè otobus ki konn chaje ak moun. Dezyèm nan sote yon hè edmi apre sa nan Ramot, yon vil ki sitye an no a.
Yo idantifye viktim la tankou yon elèv lise seminè jwif.
Zak vyolans sa yo fèt nan moman tansyon yo ogmante ant Israel ak Palestinyen yo apre desant delye Israel fe nan Sisjodani. Sa koze yon ogmantasyon nan atak bo kote Palestinyen yo pandan semen ki pase yo.
See all News Updates of the Day
- Jean Robert Phillipe
Konseye Sekirite Nasyonal Trump la Defann Plan Prezidan an pou Pran Kontwòl Gaza
Konseye pou Sekirite Nasyonal Etazini an, Mike Waltz, reponn kritik yo yè dimamch la sou plan prezidan Trump sigjere Etazini pran kontwòl teritwa Gaza a.
Trump di Palestinyen yo 'Pap Gen Dwa Tounen Gaza' Anba Plan Ameriken an

Prezidan Etazini Donald Trump di Palestinyen nan Gaza yo pap gen dwa tounen anba plan li genyen pou Etazini "pran kontwol" teritwa sa a ke lagè finn ravaje.
Sa kontredi sa lot responsab administrasyon Trump la ki eseye fè konprann prezidan an tap mande sèlman pou deplase pwovizwaman popilasyon Palestinyen an.
Mwenske yon semèn apre li te pale sou plan li pou Etazini pran kontwol Gaza epi fèl tounen "Kot d Azur Mwayèn Oryan an", Trump te deklare "non yo pap kapab", lè jounalis yo te mande l si Palestinyen Gaza yo ap gen dwa tounen sou teritwa a.
Trump fè komantè sa yo pandan yon entèvyou ak jounalis FOX News Bret Baier, ke rezo televizyon an ap difize Lendi.
Hamas Libere 3 Otaj Izrayelyen an Echanj pou Prizonye Palestinyen

Militan Hamas yo lage 3 otaj Izrayelyen ki mèg kou kaw pandan ke Izrayèl libere 183 prizonye Palestinyen nan 5èm boukantaj ki fèt anba seselfe ki kanpe goumen nan Gaza.
Kondisyon otaj yo ak sèn kote Hamas tap fòse yo pale pandan echanj la soulve kòlè nan Izrayèl.
Sa taka ogmante presyon pou Premye Minis Benjamin Netanyahu pwolonje seselfe a pou plis pase 6 semèn - ki se antant ki egziste kounyea.
Plan Prezidan Ameriken Donald Trump ki fè tout moun sezi pou transfere popilasyon Palestinyèn nan sòti nan Gaza pa sanble afekte faz sa a nan seselfe a.
Sepandan sa taka konplike negosyasyon kap dewoule sou dezyèm faz la ki pral pi difisil.
Washington Anonse Li Vann Izrayèl Zam Ki Vo Plis Pase $7 milya

Lèzetazini anonse vandredi 7 freviye ke li te apwouve lavant bonm, minisyon ak misil ki vo yon total de$ 7.4 milya ke yo bay Izrayèl, ki te itilize zam Ameriken nan lagè nan Gaza.
Akò zam yo gen ladann lavant bonm, wokèt ki vo $6.75 milya, ansanm ak misil Hellfire ki vo $660 milyon, dapre sa Ajans Koperasyon Sekirite Defans Ameriken an te di.
Trump: Se Izrayèl Ki Pral "Remèt" Etazini Gaza Yon Fwa Lagè a Fini

Sou Truth Social Prezidan Ameriken an ekri "Nou p ap gen bezwen pou okenn sòlda Ameriken! pral gen estabilite nan rejyon an !!!"
Prezidan Repibliken an te di ke " se Izrayèl ki pral remèt Etazini bann Gaza , lè yo fini ak batay la," e li ajoute ke lè sa a, Palestinyen "pral deja ale nan kominote ki pi an sekirite ak pi bèl ak nouvo kay modèn nan zòn nan."
"Etazini, ap travay ak gwo ekip ki bon nan devlopman imobilye atravè mond lan, pou kòmanse bati sa ki ta youn nan pi bèl pwojè imobilye sou planèt la" .
Prezidan Donald Trump te lakòz yon gwo pale anpil nan kominote entènasyonal la apre deklarasyon li te fè Madi pase a kote li te anonse, an prezans Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu pandan vizit li Washington, ke Etazini pral pran "kontwòl alontèm" Bann Gaza a.
"Nou pral fè yon bon travay. Nou pral pran posesyon li,"se sa li te di nan yon konferans pou laprès.
Li pa t presize ki kote egzakteman Palestinyen yo pral relokalize, oswa ki moun ki ta evantyèlman viv Gaza apre rekonstriksyon li.
Facebook Forum