Accessibility links

Breaking News

Dapre Rodenay Joseph, Blende PNH Achte Nan Men Kanada yo Pa Fèt pou Mennen Operasyon


PNH Armor Vehicle
PNH Armor Vehicle

Rodenay Joseph yon ansyen militè nan lame Ameriken deklare ke blende Ayiti achte nan men Kanada pa fèt pou mennen operasyon, kanpe ni al goumen ak bandi. Dapre Joseph blende PHN la gen nan men li fèt pou al ale pote sekou ak on moun ki an difikilte epi kouri ale.

Avek sitiyasyon sekiritè a ki ap deteryore nan peyi a, wo komandman nan lapolis la deside achete nouvo materyél pou ranfòse asenal li pou yo al konfronte bandi yo, ki tabli kò yo sou pratikman tout kapital la.

Nan emisyon 3yèm Mitan an Rodenay Joseph, yon ansyen militè e spesyalis nan sekirite deklare ke fòs polis nasyonal yo al mal itilize aparèy sa yo.

Mesye Joseph fè konnen ofisye yo pa sipoze itilize blende pou yo al menen operasyon, blende sa yo fèt pou al pote ranfò ak yon apel de detrès, oubyen pote sekou bay on moun ki an difikilte epi kouri ale.

Reaksyon Ekspè Sekirite Rodenay Joseph Sou Fason Polis Nasyonal la Ap itilize Blende
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:27 0:00

Nan menm entèvyou sa a, Joseph fè konnen ke stateji ki bay rezilta, se pa materyel.

Sou paj rezo sosyal li, PNH anonse ke nouvo materyel sa yo ede l mennen plizyè operasyon ki pote siksè.

XS
SM
MD
LG