Accessibility links

Breaking News

WhatApp Ap Fonksyone Nòmalman Apre yon Pann Global


Applikasyon mobil pou Facebook, Instagram ak WhatsApp.
Applikasyon mobil pou Facebook, Instagram ak WhatsApp.

Applikasyon mesaje WhatsApp rekòmanse fonksyone a 0900GMT e konpayi an di pann ki te lakoz moun patka sevi ave'l ranje kounyea.

Ve 0750 GMT sit Downdetector te rapòte te gen plis pase 68,000 itilizate ki te gen pwoblem ak app la nan Wayom Ini. Gen 19,000 moun nan Sengapou ak 15,000 moun nan Afrik di Sid ki te rapòte pwoblem tou.

Yon pòt pawòl konpayi Meta Platforms, ki se pwopriyete WhatApp deklare: "Nou konnen moun te gen pwoblem pou yo voye mesaj sou WhatsApp jodia. Nou ranje pwoblem nan e nou prezante eskiz nou pou enkonvenyan sa te koze."

WhatsApp pa di poukisa app la te pran pann.

XS
SM
MD
LG