Accessibility links

Breaking News

Manifestan Pran Lari Pewou pou Mande Prezidan Castillo Rache Manyòk li


Foto Achiv: Prezidan Peruvyen Pedro Castillo salye moun nan Lima, Pewou, 29 Out, 2022.
Foto Achiv: Prezidan Peruvyen Pedro Castillo salye moun nan Lima, Pewou, 29 Out, 2022.

Plizye santèn manifestan pran lari Samdi pou mande Palman Peruvyen an wetire Prezidan Pedro Castillo sou pouvwa a.

Manifestasyon an te pasifik e lapolis te akonpaye yo jiskaske yo te rive nan Palè a, ke lapolis te bare pou anpeche manifestan yo antre.

Gen kèk manifestan ki te goumen ak lapolis pandan yo tap eseye antre nan Pale prezidansyèl kote Castillo abite.

Pi bonè semèn sa a, Biwo Komisè gouvènman an te pote plent yon 6èm fwa kont Castillo. Plent la akize'l dèske li se lidè yon gang kriminèl, ki se yon vyolasyon konstitisyon peyi a.

Lajistis ap mennen ankèt sou Castillo pa rapo ak 5 lòt ka ki lye ak sa avoka gouvènman an dekri tankou yon rezo kriminèl prezidan an dirije ki mele nan twoke lajan pou enfliyans epi lòt krim ankò.

Yon 6èm envestigasyon akize misye ak madanm ni dèske yo te kopye travay yon lòt moun lè yo te prezante tèz metriz yo sa gen 10 zan desa.

Ankèt sa yo nan faz preliminè. Lajistis poko fè okenn akizasyon ofisyèl pa rapò ak ankèt sa yo.

XS
SM
MD
LG