Accessibility links

Breaking News

Prezidan Volodimyr Zelensky Pwomèt yap Ranpòte la Viktwa sou Larisi


French president Emmanuel Macron (R) speaks during an interview by French journalist and TV host Caroline Roux (L) in front of pictures of Ukrainian President Volodymyr Zelensky and Russian President Vladimir Putin as part of a new show entitled "L'evenem
French president Emmanuel Macron (R) speaks during an interview by French journalist and TV host Caroline Roux (L) in front of pictures of Ukrainian President Volodymyr Zelensky and Russian President Vladimir Putin as part of a new show entitled "L'evenem

Jodi 14 oktob sa a ann Ikren, se Jounen pwoteksyon ak jounen defansè. Nan okazyon an prezidan Volodymyr Zelenskyy, depoze yon jeb flè ki pote koulè drapo nasyonal-la , nan miray ewo-yo nan yon mozole nan vil Kyev ke yo te bati nan memwa militè ki te mouri nan 2014, ane kote ame ikrenyen nan tap goumen kont yon gwoup separatis ki te gen soutyen Moskou.

Nan sikansla, prezidan Zelesnky pwomet yap ranpote la viktwa sou Larisi paske pep li ap goumen pou dwa yo genyen pou yo egziste.

Bò kote pal, jeneral an chef la Valery Zaloujny remesye twoup li-yo pou sevis yo, pou bravou yo.

Te gen plizye seremoni relijye ki dewoule nan vil Kyev kote te gent ou ekspozisyon .

Ye nan diskou li pwononse chak jedi-a , prezidan Zelensky te mande mande polilasyon an pou l veyatif jodi a paske Larisi te gen dwa pwofite de selebrasyon sa-yo pou lanse lot atak.

Yon lot kote , Ministè Re-entegrasyon teritwa ki anba menm lame Larisi-a, fè konnen lame ikrenyen nan reprann 600 koloni solda ris yo te pran pandan mwa ki sot pase la-a. Pandansetan solda ris yo kontinyr ap frape yon paket-pakèt vil kote gen yon kantite sivil ki mouri.

Gen 502 koloni nan Kharkiv soti anban kontwol twoup ris yo e 75 lokalite nan Kherson ki se yon rejyon trè stratejik, sanbliye 43 nan rejyon Donetsk e 7 nan Lougansk.

Pa gen sous endepandan disponib pou verifye enfomasyon sa-yo .

Prezidan ris la li-menm Vladimir Putin deklare jodi vandredi-a li pa regret menm poun paket misil li lage sou popilasyon sivil-la atrave plizye vil ann ikren pandan semen nan , men li di pa gen okenn nesesite pou l kotimnye ak atak masiv yo .

Atak masiv semen sa-a ki pran lavi plizye sivil , rive apre eksplozyon yon pont ki relye preskil Krime ak Larisi ---yon aksyon prezidan Putin lage sou do Ikrèn e ke l konsidere kòm yon atak tetworis.

XS
SM
MD
LG