Accessibility links

Breaking News

Dennis Tito, 82 zan Vle Retounen nan Lespas


Reuters SPACE RUSSIA Dennis Tito May 6, 2001 11111111111
Reuters SPACE RUSSIA Dennis Tito May 6, 2001 11111111111

Premye moun nan mond la ki t al fè touris nan lespas la vle retounen – sèlman fwa sa a, li siyen pou l fè wonn lalin abò Navèt Elon Musk la

Pou Dennis Tito ki gen 82 lane, se yon chans pou l reviv kè-kontan li te gen nan Estasyon Espasyal Entènasyonal la, kounyea ke li retrete e ke li p ap fè anyen. Li pa enterese nan ti vòl 10 minit nan rebò espas la oubyen nan repete sa li te fè, sa gen 21 lane.

Vizit yon semèn pou fè wonn lalin nan – ki pako gen yon dat – pwal fè l pakouri apeprè 200 kilomèt bò kote lalin nan. Li pwal gen ak li madanm li Akiko ak 10 lòt moun ki anvi mete gwo lajan deyò pou moute abò.

Tito pa vle di konbe l ap peye; vòl pou ale nan estasyon ris la te koute li 20 milyon dola.

XS
SM
MD
LG