Accessibility links

Breaking News

Zelensky: Moskou Vle "Trennen Byelorisi nan Lagè a"

This photo released by the Ukrainian presidential press service on Aug. 24, 2022, shows Ukrainian President Volodymyr Zelensky at Kyiv's "Maidan" Independence Square, on Ukraine's Independence Day, on Aug. 23, 2022

Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky madi akize Moskou kòmkwa li vle "antre Byelorisi nan lagè" a, e li te mande G7 la pou voye yon misyon obsèvasyon entènasyonal sou fwontyè Ikrèn pataje ak Byelorisi.

Reaysyon sa yo vini apre Minsk te anonse lendi 10 oktòb la, kreyasyon yon fòs militè konjwen ak alye li Larisi.

Otorite Minsk yo te lanse akizasyon kont Kyev kòmkwa li ankouraje yon atak kont Byelorisi, e sa ki te ogmante laperèz pou yon entèvansyon dirèk nan konfli Ikrèn nan.

Zelensky deklare nan reyinyon G7 la ke "Larisi ap eseye trennen Byelorisi dirèkteman nan lagè sa a."

G7 la reyini madi 11 oktòb la apre Moskou te lanse kek atak malouk sou plizyè rejyon nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG