Accessibility links

Breaking News

Etazini: 66 Klinik Sispann Ede Medam ki Vle Jete Timoun Depi Mwa Jen


Abortion Indiana
Abortion Indiana

Gen 66 klinik Ozetazini ki sispann fè avòtman pou medam yo depi apre desizyon Tribinal Kou Siprèm lan te pran pou l pa garanti dwa fanm yo genyen pou yo jete timoun.

AFP jwenn enfòmasyon sa yo nan yon etid ki te pibliye Jedi.

100 jou apre desizyon sila, gen 13 eta ki entèdi konplètman avòtman sou tèritwa yo ak 2 lòt - Wisconsin ak Joji - ki gen restriksyon, dapre rapò Guttmacher Institute te fè.

Nan 15 eta sa yo ki te gen 79 klinik ki tap pratike avòtman anvan desiyon tribinal la. 26 la dan yo konplètman fèmen apre desizyon an.

40 klinik te sispann fè avòtman pandan y ap kontinye bay lòt swen, dapre sa enstiti a a jwenn.

13 etablisman ki kontinye fè avòtman yo sitiye nan eta Joji, kote avotman toujou legal men avek kondisyon pou yon manman gen dwa pou l mete fen nan gwoses li sèlman nan premye 6 semèn yo.

Plis pase 125,000 avòtman te fèt an 2020 nan 14 eta sa yo kote tout klinik fèmen (tankou Texas, Missouri, Louisiana ak Arizona) epi plis pase 41,000 nan eta Joji.

Apeprè 22 milyon fanm ki gen laj pou fè pitit ap viv nan eta sa yo, sa ki reprezante 29% fanm Ameriken.

Kounye a, medam sa yo "dwe ale nan yon lòt eta ki dakò pou yo fè avòtman.

Fèmti etablisman sa yo koze anpil tèt chaje pou sa ki rete ouvè yo, kote klinik sa yo ki nan lòt eta ap fè fas ak anpil demann, e yo pa gen ase kapasite pou satisfè pasyan yo.

Sitiyasyon an " kontinye deteryore", dapre sa Enstiti Guttmacher ekri.

Lòt eta, tankou Indiana, Ohio, oswa Kawolin di Sid, gen lwa ki entèdi avòtman ki te bloke nan tribinal, men ki ka byento antre nan vigè.

Evantyèlman, 26 sou 50 eta gen posibilite pou yo konplètman entèdi pwosedi sa sou tèritwa yo dapre yon sondaj.

XS
SM
MD
LG