Mwayen Oryan
- Serge Michel
Responsab Biwo Dwa Moun l-ONU Kondane Koukou-Wouj Vyolan Fòs Sekirite Iran yo Fè nan Manifestasyon yo
Responsab biwo dwa moun nan l-ONU kondane koukou-wouj vyolan fòs sekirite Iran yo dèyè manifestan ki move kou kong akoz lanmò yon jèn dam ke otorite yo te akize kòmkwa li pa te konfòme li ak regleman estrik sou jan medam dwe abiye nan Iran.
Manifestasyon te pete nan 15 pwovens peyi a apre lanmò Mahsa Amini anba men lapolis. Se nan dat 13 Septanm sa ki rele lapolis moralite te arete l poutèt li pa ta ranje vwal li sou tèt li kòmsadwa.
Biwo l-ONU pou Dwa Moun fè konnen li difisil pou jwenn chif ekzat sou kantite manifestan ke fòs sekirite yo nan Iran ta touye, blese oubyen arete. Se akoz restriksyon sou telekominikasyon. Laprès leta mete kantite moun ki tonbe yo nan 41.
Sepandan, dapre pòtpawòl l-ONU Ravina Shamdasani, òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) k ap swiv sityasyon an rapòte plis moun ki pèdi lavi yo. Li di ke yon sous ke li ka fè konfyans rapòte 76 ka lanmò, pami yo fanm ak timoun.
See all News Updates of the Day
Etazini Vote Kont Lide pou Palestin ta Tounen Manm Nasyonzini
Etazini poze vote kont lide pou Palestin ta tounen yon manm Nasyonzini pandan yon vot ki te dewoule nan Konsey Sekirite a.
Inyon Ewopeyen Sanksyone kat Kolon Izraelyen
Inyon Ewopeyen an mete Vandredi sanksyon sou kat kolon Izraelyen ak de gwoup militan Izrayelyen "ekstremist" pou vyolans yo te fè kont Palestinyen nan Sisjòdani ak Jerizalèm.
Konsèy Inyon Ewopeyen an ki reprezante 27 eta manm Inyon an yo, deklare endividi ak gwoup sa yo "responsab pou vyolasyon dwa moun grav kont Palestinyen".
- Serge Michel
Izrayèl Lanse yon Frap Aeryen Kont Iran
Izrayèl lanse yon frap aeryen andan Iran nan douvanjou jodi vandredi a, nan lè lokal, dapre laprès Etazini ki site kèk sous izraelyen ak ameriken san bay non yo.
Ensidan sa a se dènye nan yon seri frap kif-kif ant 2 advèsè rejyonal yo, men Teheran minimize ensidan an jodi vandredi a e li fè konnen li pa gen entansyon reponn.
Jounal New York Times ak Washington Post site pawòl otorite izraelyen ki di yo lanse yon frap aeryen nan teritwa Iran. Plizyè ògàn nouvèl site pawòl otorite ameriken ki di se yon atak misil.
Yon pòtpawòl lame izraelyen ke LaVwadlamerik te kontakte di li p ap pale sou kesyon an pou kounyea.
Direktè ajans espasyal aeryen Iran an di ke fòs defans aeryen yo desann plizyè dronn.
- Jean Robert Phillipe
Larisi Mande Izrayel ak Iran Evite Aksyon ki ka Pwopaje Konfli a Pi Plis nan Mwayèn Oryan an
Larisi mande Izrayèl ak Iran pou yo evite aksyon ki ka pwopaje pi plis konfli nan Mwayèn Oryan an. Jean Robert Philippe gen detay.
- Serge Michel
Izrayèl Lanse Frap Sou Tèritwa Gaza
Lame Izrayèl la fè konnen jodia fòs li yo lanse frap sou tout teritwa Gaza a ki vize konbatan Hamas ak enfrastrikti, e lanse atak ki touye 2 militan Hezbollah nan sid Liban.
Ajans France-Presse site pawol Hezbollah tou ki di ke 2 konbatan li tonbe nan yon frap Izrayèl nan Kfar Kila.
Izrayèl di 14 solda li blese ayè mèkredi a nan yon atak Hezbollah sou pati nò Izrayèl.
Yon lòt kote, Konsèy Sekirite l-ONU an ap pare pou vote sou yon rezolisyon pou fè Pouvwa Palestinyen an tounen manm total-kapital l-ONU.
Si Konsèy Sekirite a rekòmande manm yo vote pou aplikasyon Pouvwa Palestinyen an, Asanble Jeneral l-ONU an ka apwouve li ak yon majorite 2 tyè.
Men pèsonn pa konnen sa ki pwal pase kandidati a nan Konsèy Sekirite a, kòm Etazini gen dwa veto nan Konsèy la.
Facebook Forum