Accessibility links

Breaking News

Geneus: 'Gouvènman Ayisyen an Gen Kontwòl Sitiyasyon an'


Foreign Minister of Haiti Jean Victor Geneus addresses the 77th session of the United Nations General Assembly, at U.N. headquarters, Sept. 24, 2022.
Foreign Minister of Haiti Jean Victor Geneus addresses the 77th session of the United Nations General Assembly, at U.N. headquarters, Sept. 24, 2022.

Nan diskou li devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an nan Lendi, Minis Afè Etranjè Ayisyen Jean Victor Geneus deklare ke gouvènman an "gen kontwòl sitiyasyon an."

Reyinyon sa te fèt sou demand peyi Lachin ki trè preokipe akoz sitiyasyon an ki degrade nan peyi d'Ayiti, kote gang yo vin pi pwisan, gen manifestasyon vyolan, piyaj, epi lavi chè.

Apre gouvènman an te deside monte pri prodwi petwole yo, peyi a te pratikman paralize swit ak plizyè manifestasyon ki te fèt e plizyè barikad ki te monte nan katye yo.

Minis Jean Victor Geneus di manm Konsey Sekirite LONU an ke gouvènman an reprann kontwòl sitiyasyon an nan peyi a, e li te felisite fòs Polis Nasyonal la (PNH )pou "travay pwofesyonel" ki ede wetire barikad yo kek zòn ki te bloke.

Nan menm diskou sa a, Geneus mande kominote entènasyonal la plis èd pou pemet PNH la konbat gang ki ap kreye latroublay. Li te kontinye poul di ke plizyè etablisman tankou lopital and kek izin pa ka fonksyone akòz tèminal Varreux a sou kontwòl gang ame yo.

Geneus fè konnen gen yon sektè ekonomik ak politik ki ap ede kreye latoubray sa a, e ke sa anpeche ekonomi an mache.

Lachin ki te mande pou reyinyon sila fet, mande pou BINUH (Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti) remèt bay Konsèy Sekirite a lis gang kap kreye latroublay nan peyi a ansanm ak non lide yo.

XS
SM
MD
LG