3 moun jwenn lanmò yo, e 4 lòt ki disparèt nan yon bato ki te koule, nan zile Galapagos. Bato sa te gen 37 moun abò li, pami yo plizyè etranje. Dapre yon sous ofisyèl "yo te rive ede 30 moun sove."
Te gen 2 Ekwatoryen, yon Kolonbyen ak yon Ameriken-Izraelyen" ki mouri nan nofraj la, ki te fèt nan mitan lannwit Dimanch pou rive Lendi, dapre sa Ministè Afè Etranjè Ekwatoryen an di.
Li ajoute: "N ap travay ak konsila peyi etranje ki mouri yo pou bay tout sipò ki nesesè ".