Accessibility links

Breaking News

Awouba ap Swiv Sakap Pase an Ayiti


Premye Minis Awouba Evelyn Wever-Croes
Premye Minis Awouba Evelyn Wever-Croes

Nan yon entèvyou ak VOA Espayol, Premye Minis Awouba, Evelyn Wever-Croes pale sou Ayiti:

" Eben nou gen yon gwo popilasyon Ayisyen nan Awouba. E nou eseye ede yo le plis posib, men nou pa jwe yon wol aktiv an Ayiti. Awouba fè pati wayom peyi Ba donk politik etranjè a se yomenm ki jere'l. Donk Awouba pa jwe yon wol aktiv nan sa. Men lè nou kapab nou ede ak asistans imanite atravè lakwawouj, fanmi yo oubyen legliz yo ak enstitisyon nou yo. "

Nou mande èske li rankontre responsab Ayisyen nan Nouyok?

"Non, nou fè deman nan men se yon bagay ki enposib. Ou konnen semèn sa a nan Nouyok eseye oganize rankont politik pa fasil - kalandriye tout moun chaje donk li pat posib. "

Awouba ap Veye Sakap Pase an Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:23 0:00

Nou mande premye minis la kijan sityasyon Ayiti afekte Awouba ?

"Mwen paka di sityasyon Ayiti a afekte Awouba, mwen si o pwen'd vu emosyonel Ayisyen kap viv Awouba afekte pa sa. Men li pa afekte Awouba dirèkteman."

Premye Minis Awouba Evelyn Wever-Croes te pale ak kolèg nou Nataly Salas Guaithero nan Nouyok.

XS
SM
MD
LG