Accessibility links

Breaking News

4,4 Ameriken Pran Vaksen Booster Kont Varyan Omicron COVID-19 la


Foto Achiv: Yon enfimye prepare yon piki COVID-19 nan yon klinik nan Nouyok.
Foto Achiv: Yon enfimye prepare yon piki COVID-19 nan yon klinik nan Nouyok.

4,4 milyon Ameriken deja pran nouvo vaksen booster COVID-19 la ki vize presizeman varyan omicron an.

Sant Kontwòl ak Prevansyon maladi a pibliye chif sa a Jedi.

Nouvo vaksen yo vize varyan omicron ki pi komen yo.

Etazini komande 171 doz nouvo vaksen booster sa yo pou sezon otònn nan. Premye ide nou genyen de konbyen moun ki pran vaksen sa yo vini apre ekspe lasante yo plenyen pou di yo pa kontan Prezidan Joe Biden te di nan yon entevyou ak pwogram televizyon "60 Minutes" ke pandemi a fini.

Prezidan Biden te klafifye komante li a apre ekspe sante yo te kritike'l. Ekspe yo di yo kenn pou mesaj sa a pa ralanti jefò yap fe pou anpeche moun trape kowonaviris la.

XS
SM
MD
LG