Accessibility links

Breaking News

Abinader: "Kriz Ayiti a Reprezante yon Menas pou Sekirite Nasyonal Repiblik Dominikèn"


El presidente de República Dominicana, Luis Abinader, interviene en la Cumbre para la Democracia el 10 de diciembre de 2021.
El presidente de República Dominicana, Luis Abinader, interviene en la Cumbre para la Democracia el 10 de diciembre de 2021.

Prezidan dominiken an Luis Abinader fè yon pledwaye an favè Ayiti nan okazyon yon diskou li pwononse devan konsèy pèmanan òganizasyon eta ameriken (OEA) jedi 15 septanm nan.

Lidè dominiken an te pale de fason kriz sosyo politik la afekte Ayiti, men tou enpak dirèk li genyen sou sekirite nasyonal Repiblik Dominikèn. Pou li menm Ayiti reprezante yon menas pou sekirite nasyonal peyi l si anyen pa fèt.

Li lanse apèl bay OEA ak sekretè jeneral la Luis Almagro, pou jwe yon gwo wòl pou ede rezoud kriz la an Ayiti a, li mande kreye yon mekanis ak òganizasyon entènasyonal yo ak nasyonzini pou ede Ayiti.

Abinader ankouraje manm OEA pou rekonsidere demand Ayiti te fè pou ede l amelyore sekirite a nan sèten enfrastrikti peyi a tankou pò ak ayewopò yo-yon demand ke Repiblik Dominikèn te sipòte.

Konsènan enstitisyon yo, Prezidan Abinader kwè efò dwe double yon fwa kondisyon sekirite yo reyini --travay ak otorite ayisyen yo pou relanse pwosesis elektoral la pou kapab genyen yon gouvènman eli ak lidè lejitim ki gen sipò popilasyon an.

Abinader di: "OEA dwe kontinye travay pou eleksyon yo demokratik e pou tout ayisyen enskri nan yon rejis sivil. OEA dwe asiste nan kreyasyon yon mekanis pou anpeche za m ak minisyon tonbe nan men gang kriminèl yo ki kontwole yon gwo pati nan teritwa ayisyen an, kowòdone ak peyi manm òganizasyon rejyonal la ak l’ONI pou ogmante kapasite ak antrenman ajan polis nasyonal la (PNH)."

Msye abinader kalifye sitiyasyon aktyèl peyi d Ayiti ap travèse la a tankou kòmansman yon gè sivil e ke òganizasyon entènasyonal yo dwe pran responsabilite pou aji vit e prese pou anpeche l pran fòs.

Lidè dominiken an fini pou di dosye Ayiti a te fè pati konvèvasyon li te genyen ak Vis Prezidan ameriken an Kamala Harris ansanm ak peyi manm CARICOM yo.

Nan lòt rankont Luis Abinader te genyen ak lidè majorite nan sena a Charles Ellis Schummer, li te montre enterè nan politik nasyonal repiblik dominikèn.

Chèf leta a te rankontre ak plis pase 30 palmantè ameriken an pou l te fè yon ekspoze sou reyalite a ann Ayiti ak enpòtans yon asistans entènasyonal pou peyi vwazen an nan moman pep souvren an ap manifeste pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry apre gouvènman an ogmante pri pwodwi petwolye yo.

XS
SM
MD
LG