Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken Blinken Ale o Meksik pou Negosyasyon Ekonomik


Minis Afe Etranje Meksiken Marcelo Ebrard a goch akeyi Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken nan ayewopo entenasyonal Benito Juarez, Mexico siti, 12 Sept. 2022.
Minis Afe Etranje Meksiken Marcelo Ebrard a goch akeyi Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken nan ayewopo entenasyonal Benito Juarez, Mexico siti, 12 Sept. 2022.

Sekretè Deta Antony Blinken ak otorite ameriken wo-plase nan domèn komès la ale nan peyi Meksik lendi 12 septanm nan pou y al fè kèk chita-tande ekonomik wo-nivo ak objektif pou repare relasyon yo ki gen tansyon nan dosye imigrasyon ak lòt kesyon.

Brian Nicholas, yon gwo ofisyèl nan Depatman Deta a, ki t ap abòde dosye a nan wikenn nan, deklare: “An plis yon dyalòg wo-nivo sou echanj ekonomik, Sekretè Deta Blinken gen plan pou l rankontre avèk Prezidan Andrés Manuel López Obrador epi Minis Afè Etranjè meksiken an, Marcelo Ebrard, pou yo diskite sou relasyon ekonomik bilateral yo ak lòt priyorite politik yo pataje, tankou domèn migrasyon an ak efò pou yo mete fen nan kontrebann yon dwòg ki rele fentanyl.”

Minis komès ameriken an, Gina Raimondo, ak vis reprezantan komèsyal Lèzetazini an, Jayme White, fè pati delegasyon an. Meksik toujou reprezante youn nan 3 premye patnè komèsyal Lèzetazini. Anvan pandemi kowonaviris la, Meksik sete 2èm pi gwo peyi ki te enpòte pwodui ameriken an 2020.

Rankont Blinken ak Prezidan Lepez Obrador la rive 2 mwa apre Prezidan Joe Biden te resevwa lidè meksiken an nan La Mezon Blanch, kote Misye Biden te fè konnen 2 peyi vwazen yo dwe travay pou rebati eleksyon yo. Minis Afè Etranjè Ebrard pale pou l di dosye politik 2 gouvènman yo nan domèn enèji a pa t sou ajanda negosyasyon ki dewoule lendi a.

XS
SM
MD
LG