Accessibility links

Breaking News

Lwa Sen Kitts ki Kriminalize Sèks Ant Omoseksyèl yo Pa Respekte Konstitisyon an


Foto Achiv: Zile St. Kitts nan Karayib la.
Foto Achiv: Zile St. Kitts nan Karayib la.

Tribinal pi wo plase pou 9 peyi ak teritwa nan ès Karayib la voye jete yon lwa ki te pase nan epòk kolonyal la kont konpòtman omoseksyèl yo nan St. Kitts ak Nevis.

Tribinal la di oryantasyon seksyèl ou moun, se yon yon bagay ki tonbe anba dwa li pou'l pwoteje vi prive li.

Militan LGBTQ yo fete desizyon tribinal la pase Madi. Yo fè remake omoseksyèl kap viv sou zile marasa sa yo konn evite resevwa swen medikal akòz yo te pè pou yo pa pèdi travay yo, sibi atak oubyen fè fas ak akizasyon la jistis.

Militan kap defann dwa omoseksyèl yo te asiyen komisè gouvènman zile yo. Yo te plenyen pou di dwa libète a kouvri aktivite seksyèl.

XS
SM
MD
LG