Accessibility links

Breaking News

Lame Larisi Di Kyèv Bonbade Santral Nikleyè Zaporizhia


This video grab taken from a handout footage released by the Russian Defence Ministry on April 23, 2022, shows Russian Defense Ministry spokesman Major General Igor Konashenkov holding a briefing.
This video grab taken from a handout footage released by the Russian Defence Ministry on April 23, 2022, shows Russian Defense Ministry spokesman Major General Igor Konashenkov holding a briefing.

Ministè Defans Ris la di twoup Ikrenyen yo tire 17 bomb sou santral nikleyè Zaporizhia, se li ki pi gwo santral an Ewòp, e depi kòmansman mwa mas la li sou kontròl twoup Ris yo.

Operatè santral nikleyè Ikrenyen Energoatom te anonse ke izin elektrik Zaporijjia ap fonksyone ak risk pou li pran dife, apre bonbadman ke Ikrenyen ak Larisi te akize youn lòt te fè pandan plizyè semèn.

Twoup Ris yo te bonbade sit la "plizyè fwa nan jou ki sot pase a", dapre sa konpayi nasyonal Ikrenyen an te di sou Telegram nan Samdi.

"Kòm yon rezilta bonbadman peryodik, enfrastrikti santral la te domaje epi gen risk pou fwit idwojèn ak flite nan sibstans radyo-aktif," li te di, yo remake "yon risk pou gwo dife".

Dapre operatè a, depi midi nan Samdi (0900 GMT), santral la "te opere ak risk pou yo vyole lwa radyasyon ak estanda pou anpeche santral la pran dife".

XS
SM
MD
LG