Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Mande Pou Kreye Yon Tribinal Entènasyonal Pou Jije Putin


UKRAINE-CRISIS/PUTIN
UKRAINE-CRISIS/PUTIN

Kyev vle pou yo kreye yon tribinal entènasyonal ane pwochèn pou jije Prezidan Ris la Vladimir Putin ak plizyè lot responsab ris ki lanse envazyon an nan Ikrèn. Se Andriï Smirnov, ki nan administrasyon prezidansyèl Ikrenyen an ki te fè deklarasyon sa yo.

Andriï Smirnov se met ide pou plan sa a pou genyen kreyasyon yon tribinal, ki pral pèmèt yo mennen responsab yo devan lajistis pou "krim" Larisi ap fè nan Ikrèn.

Li kontinye poul di "se sèl opsyon ki genyen pou nou byen vit rann kriminèl sa yo ki te kòmanse lagè kont Ikrèn lan responsab. Se sa "Smirnov te di nan yon entèvyou ak AFP.

Tribinal Kriminèl Entènasyonal la (ICC) deja kòmanse mennen ankèt sou prezime krim sa yo -- pou jenosid, krim kont limanite ak krim lagè -- men li pa kapab pouswiv akizasyon "krim agresyon" paske ni Moskou ni Kyev pat ratifye Lwa Wòm te etabli an 2010 yo.

XS
SM
MD
LG