Accessibility links

Breaking News

Boris Johnson: "Mwen Kwè Ikrèn Kapab Genyen Lagè sa a"


UKRAINE-CRISIS/BRITAIN-JOHNSON
UKRAINE-CRISIS/BRITAIN-JOHNSON

Premye Minis Britanik la Boris Johnson te fè yon vizit sipriz nan Ikrèn Mèkredi, ki se jou selebrasyon fèt Endepandans peyi a, pandan menm moman an tou y ap make 6 mwa depi Ris yo te anvayi peyi a.

Premye Minis Britanik la Boris Johnson te deklare sou Twitter "Sa k ap pase nan Ikrèn afekte nou tout. Se poutèt sa mwen nan Kyev jodi a. Se poutèt sa Wayom Ini ap kontinye kanpe ak zanmi Ikrenyen yo .Mwen kwè ke Ikrèn kapab genyen lagè sa ".

Prezidan Ikrenyen an Vladimir Zelensky te resevwa PM Britanik la e li te deklare '. "Sa a se twazyèm fwa ke Boris Johnson vizite Ikrèn depi nan konmansman envazyon Ris la, Se pa tout peyi yo gen chans gen yon zanmi konsa".

Chèf leta a te bay Mesye Johnson yon meday ke yo rele "Ordre de la Liberté " ki se youn nan pi gwo dekorasyon Ikrenyen ki desène ak yon etranje.

Boris Johnson te di repòtè yo "Gen yon volonte nan mitan Ikrenyen yo reziste ak envasyon ris la . E se sa (Vladimir) Putin pa t 'konprann ".

E" li pwomèt 54 milyon liv (64 milyon ero) nouvo èd militè pou Kyev.

XS
SM
MD
LG