Accessibility links

Breaking News

Larisi: Roizman, yon Opozan Politik, Anba Kòd Paske li "Kritike" Lame Ris la


Russia Ex-Mayor Arrested
Russia Ex-Mayor Arrested

Manm opozisyon Ris Yevgeny Roizman, ki se ansyen majistra Yekaterinburg, nan Oural yo, se te youn nan dènye pesonaj opozisyon ki toujou lib nan peyi a. Lajitis Ris mete lapat sou li Mèkredi maten, dapre akisasyon kom kwa li te eseye "diskredite" lame peyi a.

Mesye Roïzman, ki gen 59 an te jwenn arestasyon l nan kalib "gwo zouzoun" paske te gen apeprè yon douzèn ofisye polis avek gwo zam ki te abiye ak inifòm kamouflaj ki te vin lakay li nan Yekaterinburg byen bonè nan maten, dapre sa AFP te wè nan yon videyo Mash channel ki tap sikile sou Telegram.

Nan yon kominike Minis Enteryè Ris la te di, ke te gen yon ankèt sou Roïzman paske li te "diskredite" fòs lame Ris yo.

Envestigatè yo akize Misye Roizman paske li te pibliye yon videyo sou Entènèt ki gen kontni ki te vize "diskredite itilizasyon fòs lame Federasyon Larisi a te fè pou defann enterè peyi a ak sitwayen li yo".

Dapre yon sous lapolis te site pa ajans ofisyèl TASS la, se yon videyo ki denonse operasyon spesyal Ris la nan Ikrèn, ke li te pibliye sou chanèl li sou YouTube.

Evguéni Roïzman te Majistra Ekaterinburg ant 2013 ak 2018 ap fè fas a jiska 10 ane prizon si li koupab.

Avoka li a, Vladislav Idamjapov, te di ajans nouvèl TASS pita nan jounen an ke yo te mete kliyan li an prizon pou 48 èdtan.

XS
SM
MD
LG