Mwayen Oryan
Atak Ayeryen Ameriken Vize Rejyon La Siri ke Milis Gad Revolisyonè Iranyen Apiye Kontwole

Lame Etazini fè konnen li lanse atak ayeryen nan rejyon ès La Siri kote li vize zòn milis Gad Revolisyonè Iran an apiye konn sèvi pou lanse operasyon.
Kòmandman Santral Lame Amerikèn di atak yo te sible Deir Ez-Zor e ke yo pran aksyon "pwoposyonèl ak delibere pou limite risk pou sityasyon an vinn pi grav epi yon pakèt moun mouri."
Laprès leta Siryen poko fè kòmantè sou atak sa yo.
Iran non plis tou, pa di krik sou sa.
Atak ayeryen sa yo vini apre yon ensidan kote yon dron te atake twoup Ameriken yo 15 Out pase a.
Deir Ez-Zor se yon pwovens estratejik ki sitye sou fwontyè Irak la e li gen chan petwòl.
Twoup Ameriken yo te antre La Siri an 2015, ak apwi fòs alye yo, pou lite kont gwoup Eta Islamik la.
See all News Updates of the Day
Atak Wòkèt Vize Anbasad Ameriken nan Bagdad

BAGDAD (AP) — Otorite Ameriken ak Irakyen yo di te gen yon atak ak wòkèt sou Anbasad Etazini an nan Bagdad, sa ki te lakòz kèk ti domaj men li pat koze okenn viktim.
Milis Iranyen kap mennen operasyon nan Irak di se yo ki responsab plizyè douzèn atak ki vize baz twoup Ameriken yo nan Irak ak la Siri depi lagè Izrayèl-Hamas la te kòmanse a.
Anbasad la trouve li nan kapital Irakyèn nan.
Yon ofisyèl sekirite irakyen di milis yo te lanse 14 fize Katyusha vandredi, e kèk ladan yo te frape toupre youn nan pòtay Anbasad Ameriken an.
Yon ofisyèl militè ameriken di ke wòkèt te frape tou baz Union III a ki gen biwo kowalisyon Etazini an Irak ladann.
- Serge Michel
Gwo Batay Fewòs nan Gaza

Gwo batay fè raj Jedi nan pi gran vil yo nan Gaza, ant fòs izrayelyen ak militan Hamas, kote sivil palestinyen te chache ti rès abri ki rete pou yo chape anba lagè a.
Batay te dewoule nan vil Gaza, nan nò a, kote Izrayèl te santre premye etap operasyon-li pou elimine Hamas, epi nan Khan Younis nan sid Gaza, ki se dènye kote gè a rive.
Tout tan batay ap dewoule, se plis sivil yo ap pran wout sid pou yo, e vyolans la deranje operasyon imanitè l-ONU e pouse dirijan òganizasyon mondyal la yo lanse avètisman repete pou fè konnen sityasyon an ap vin pi grav.
Nasyon Zini di dè dizèn milye moun sot rive nan jou ki pase yo nan Rafah, yon vil ki toupre fwontyè sid Gaza. Zonn Rafah a se sèl seksyon nan Gaza ki te resevwa distribisyon limite èd imanitè semenn sa a akoz vyolans la ki pran pati nò a, dapre l-ONU.
- Jean Robert Phillipe
Gwo Batay Fewòs Dewoule nan Khan Younis
Te gen gwo batay fewos Lame izrayelyèn nan Gaza pi presizeman nan Khan Younis.
- Jean Robert Phillipe
Lame Izrayèl Ankouraje Palestinyen Chache Refij nan Sid Gaza
Militè Izrayelyen yo ankouraje Palestinyen yo chache refij nan sid Gaza. Jean Robert Philippe di nou batay ap dewoule nan moman pati konsène yo ap pare pou ale tribinal .
Etazini Pran Sanksyon kont Kolon Juif Ekstremis Izrayelyen kap Atake e Touye Palestinyen nan Sisjòdani
Lèzetazini pran yon mezi ra Madi pou pini Izrayèl. Sandra Lemaire gen detay sou sanksyon Depatman Deta anonse Madi.