Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Gen Pou L Fè Negosyasyon sou Komès avèk Taywann Kòm Yon Nouvo Siyn Sipò


Taiwan President Tsai Ing-wen being escorted by US Senator ED Markey to greet US representative delegation at the Presidential Office in Taipei. (Taiiwan Presidential Office/AFP)
Taiwan President Tsai Ing-wen being escorted by US Senator ED Markey to greet US representative delegation at the Presidential Office in Taipei. (Taiiwan Presidential Office/AFP)

Peken - Gouvènman ameriken an anonse li pral fè negosyasyon avèk Taywann sou yon trete komèsyal kòm yon siyn ki montre sipò Washington pou demokrasi zile a k ap dirije tèt li, men ke Pati Kominis k ap gouvènen Lachin nan reklame kòm yon pati nan tèritwa nasyonal li.

Anons sa a, ki parèt jedi, sòti apre Peken te reyalize kèk egzèsis militè ki te gen ladan l misil yo tire sou lanmè ki alantou Taywann, nan yon efò pou kraponnen otorite zile a apre yon vizit Prezidan Chanm Depite ameriken an, Nancy Pelosi, te fè nan Taype –se vizit pi gwo otorite nan gouvènman Lèzetazini an fè nan Taywann nan 25 ane.

Anons la, ke Reprezantan Komèsyal Lèzetazini an fè jedi, pa di yon mo sou tansyon ki egziste ant Washington ak Peken; sepandan li presize objektif negosyasyon yo se ranfòse kowoperasyon sou plan komèsyal la ak règleman sou echanj komèsyal, yon demach ki vle di 2 pati yo pral genyen echanj ofisyèl ki rapwoche.

Lèzetazini pa gen okenn rapò ofisyèl avèk Taywann; men li kenbe kontak enfòmèl solid avèk Taype atravè yon Enstiti Ameriken Non-Ofisyel ki nan kapital Taywann nan. Lalwa federal fè Washington obligasyon pou l garanti ke zile a gen mwayen pou l defann tèt li.

XS
SM
MD
LG