Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Ameriken an Teste Pozitif pou KOVID-19


U.S. Defense Secretary Lloyd Austin visits Latvia
U.S. Defense Secretary Lloyd Austin visits Latvia

Minis Defans Lèzetazini an, Lloyd Austin, fè konnen lendi li teste pozitif pou KOVID-19 pou la 2èm fwa ane sa a e li montre kèk sentòm lejè.

Chèf Pentagòn nan pibliye yon deklarasyon kote li di li pral kontinye travay nòmalman san chaje orè li; sepandan se de lakay li etan li pral fè sa, paske l ap rete an katantèn pandan 5 pwochen jou yo pou l respekte règleman CDC tabli yo; konsa, l ap “kenbe tout otorite fonksyon Minis Defans la anba men li.”

Nan mwa janvye pase a, Minis Austin, ki gen 69 lane, te trape malad kowonaviris la. Li fè konnen nan deklarasyon an:

“Kounyela a, tankou an janvye, doktè mwen di m le fèt ke m te vaksinen totalman, mete sou 2 piki m te pran kòm ranfò, sa fè sentòm mwen yo mwen sevè ke jan sa te ka ye si m pa t pran prekosyon sa yo.”

Austin ajoute li pral kontinye kenbe yon kontak sere-sere avèk medsen li pandan jou k ap vini la yo. Chèf Pentagòn nan lanse yon apèl prese bay tout Ameriken pou l mande yo pran vaksen; paske, dapre li, “vaksen kontinye ralanti pwopagasyon maladi KOVID-19, epi sa rann konsekans malady a mwen sevè sou sante moun.”

XS
SM
MD
LG