Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Yon Bato Nasyonzini k ap Pote 23-Mil Tòn Metrik Danre Mete Vwal pou Etyopi


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Yon bato ke Nasyon Zini te anchaje e ki pote 23-mil tòn metrik danre ki soti nan Ikrèn mete vwal dimanch pou Etyopi nan premye chajman konsa ki soti nan Ikrèn ke lagè fin ravaje, pou ede yon nasyon k-ap fè fas ak grangou.

Bato-a ki rele Kòmandan Brav kite pò Yuzhne nan Ikrèn, alès Odesa, e li fè plan navige pou rive Djibouti, kote li pwal debake danre-yo e transfere-yo ale Etyopi, e se pwojè l-ONU nan Pwogram Alimantè Mondyal.

Ikrèn ak LaRisi te jwenn yon antant ak Turki e ak Nasyon Zini, sa gen 3 semèn, pou rekoumanse livrezon danre nan rejyon Lanmè Nwa-yo pou mete fen nan gwo deranjman ki

te fèt nan ekspòtasyon sa-yo depi envazyon LaRisi nan Ikrèn nan mwa Fevriye-a.

XS
SM
MD
LG