Accessibility links

Breaking News

Moskou Konfime l ap Negosye Pou Twoke Griner Pou yon Trafikan Zam Ris


Griner exchange
Griner exchange

Yon diplomat Ris konfime Samdi ke Moskou ak Washington ap diskite sou yon mwayen posib yo te ka twoke yon prizonye Ris ki enplike nan trafik zam ke yo te arete Ozetazini ak Brittney Griner, jwèz baskètbòl Amerikèn yo te arete pou trafik dwòg nan Larisi.

Lèzetazini te deklare plizyè fwa ke li te fè yon "òf sibstansyèl" pou jwenn liberasyon 2 Ameriken yo te arete nan Larisi: jwèz baskètbòl Brittney Griner ak yon ansyen sòlda Ameriken, Paul Whelan.

Daprè medya Ameriken yo, yo ap eseye twoke 2 sitwayen ameriken sa yo pou yon trafikan zam Ris ki nan prizon Ozetazini. Misye rele Viktor Bout, e moun nan lari rele'l "machann lanmò a".

Bout te jwenn arestasyon l nan Thailand an 2008 e l li ap pase yon santans 25 an prizon Ozetazini.

"Diskisyon pou yo twoke prizonye yo ap mache atravè mwayen ke 2 prezidan yo te chwazi " se sa direktè depatman Amerik di Nò nan Ministè Afè Etranjè Ris la, Alexander Dartchiev, te deklare.

XS
SM
MD
LG