Accessibility links

Breaking News

Kous Kle nan Wisconsin, Minnesota nan Eleksyon Mi-Manda yo


US Election 2020 Wisconsin
US Election 2020 Wisconsin

Elektè nan 4 eta ameriken –pami yo genyen Wisconsin avèk Minnesota—te al vote pou yo chwazi kandida pou Kongrè a avek lòt pòs piblik nan eleksyon primè ki dewoule madi 9 out la. Sete yon lòt tès pou enfliyans ansyen Prezidan Donald Trump nan sen Pati Repibliken an anvan òganizasyon eleksyon mi-manda 8 novanm pwochen yo.

Te gen eleksyon tou nan Eta Vermont ak Connecticut, tandiske nan Minnesota yon eleksyon espesyal dewoule pou ranplase depite pou premye sikonskripsyon eta a ki vid. Men 2 lòt kous elektoral ki enpòtan anpil-anpil:

1.- Wisconsin: Eleksyon Primè Pati Repibliken an pou Plas Gouvènè:

Se dènye liyn dwat pou nominasyon pati repibliken an pou pòs gouvènè a, kote yon kandida Ansyen Prezidan Trump apiye t ap konfwonte yon kandida ki te gen sipò ansyen Vis Prezidan Mike Pence ki tounen ennmi Trump jounen jodi a. Trump te apiye pwopriyetè konpayi konstriksyon Tim Michels, tandiske Pence te pote yon sipò piblik bay yon lòt kandida repibliken, swa Vis-Gouvèn Eta a, Rebecca Kleefisch. Dapre Edison Research, se Michels ki ranpòte laviktwa. Sete 3èm kous elektoral enpòtan kote Pence avek Trump te apiye 2 advèsè.

2.- Wisconsin: Eleksyon Primè Pati Demokrat la pou Yon Pòs nan Sena Ameriken an

Nan yon kous kote Vis-Gouvènè Wisconsin nan, Mandela Barnes –yon kandida pwogresis ki gen apui Senatè an plas Elizabeth Warren-- t ap defye Senatè Repibliken an Ron Johnson, se Barns ki ranpòte yon viktwa pito fasil pou l pran nominasyon an apre yon advèsè modere ki te devan nan kous la, te pran desizyon pou l kraze yon kite sa nan mwa jiyè a. Atansyon elektora a fikse kounyela sou kapasite Barnes pou l atire elektè modere yo nan fas-a-fas li pral fè avèk Johnson nan –yon fas-a-fas ki kapab reprezante kous ki pi sere a e pi enpòtan an pami eleksyon pou yon plas nan Sena ameriken an ki pral dewoule nan mwa novanm nan.

XS
SM
MD
LG