Accessibility links

Breaking News

Varyòl Senj: Responsab Lasante Ozetazini Otorize Yon Vaksen pou Konbat Viris la


Contoh ruam dan lesi yang disebabkan oleh virus monkeypox terlihat pada gambar handout yang diperoleh dari situs resmi CDC pada 1 Juli 2022. (Foto: via Reuters)
Contoh ruam dan lesi yang disebabkan oleh virus monkeypox terlihat pada gambar handout yang diperoleh dari situs resmi CDC pada 1 Juli 2022. (Foto: via Reuters)

Responsab lasante Etazini-yo otorize yon plan pou fè kantite limite vaksen pou vayòl senj-la rive jwenn plis moun posib, konsa y-ap bay moun sèlman yon senkyèmnan dòz nòmal-la.

Nan yon anons ki fèt ayè madi-a, yo pale de rechèch ki moutre ke yon dòz redui ap bay menm rezilta-a. Dòz ekonomik-la mande pou yo bay moun vaksen Jynneos sèlman anba po, olye de byen fon nan misk yo – yon Pratik ki ka ede kò-a ranfòse pwoteksyon-l pi plis.

Metòd sa-a ke responsab lasante-yo pa abitye anplwaye se yon fason byen klè pou rekonèt ke Etazini pa gen ase vaksen kounye-a pou bay tout moun k-ap chache pwoteksyon anba viris-la k-ap gaye rapid.

XS
SM
MD
LG