Accessibility links

Breaking News

2 Nouvo Bato ki chaje ak sereyal kite Ikrèn


UKRAINE-CRISIS/GRAIN-SHIP-DEPARTURE
UKRAINE-CRISIS/GRAIN-SHIP-DEPARTURE

2 bato nouvo chaje ak 70,000 tòn sereyal( ble, mayi) kite pò Ikrenyen Chornomorsk sou Lanmè Nwa a Madi anba dapre akò ki te jwenn pou reouvèti ekspòtasyon yo nan Kyèv, dapre sa Ministè Ikrenyen an anonse.

"2 bato ki kite pò Chornomorsk gen ladan yo yon total 70 mil tòn sereyal. Bato Rahmi Yaggi a pral delivre 5,300 tòn nan Latiki. Bato transpòtè Ocean Lion ap delivre prèske 65,000 tòn mayi nan Kore di Sid " tout enfòmasyon sa yo te soti sou kont Telegram ministè a.

Larisi ak Ikrèn te siyen 2 akò separe 22 Jiyè ki te fèt sou sipèvisyon peyi Latiki ak Nasyonzini, se akò sa a ki pèmèt ekspòtasyon sereyal ap fêt malgre lagè a.

Plizyè bato te deja kite Ikrèn nan dènye jou yo.

XS
SM
MD
LG