Accessibility links

Breaking News

Jwèz WNBA a Brittany Griner Prezante Eskiz li


American basketball player Brittney Griner is escorted before a court hearing outside Moscow, Aug. 4, 2022.
American basketball player Brittney Griner is escorted before a court hearing outside Moscow, Aug. 4, 2022.

Jwèz baskètball amerikèn Brittany Griner prezante eskiz bay lòt jwèz nan ekip li, bay klub li a, fanatik li yo ak vil Yekaterinburg "pou erè ke mwen te fè ak anbarasman mwen lakoz yo." Griner di li te fè yon erè men ke se pa espre li te fè. Li prezante eskiz tou bay paran li, frè ak sè li, òganizasyon ekip Phoenix Mercury a nan vil kote li moun nan, Asosyasyon Nasyonal Basketball Fanm nan, ki rele WNBA, ak madanm li.

Otorite ameriken yo di yo vle lage dilè zam entènasyonal ris Viktor Bout, k ap pije yon santans 25 lane prizon nan Etazini, nan yon boukantay pou jwenn liberasyon Griner ak Paul Whelan. Laprès fè konnen tou LaRisi ap mande liberasyon yon lòt Ris, ki jwenn kondanasyon prizon avi pou asasinay nan mwa Desanm pase, ann Almay.

Yon jij ris kondane Griner ayè jedi a poutèt li ta fè espre pote lwil Hashish nan peyi a e ba li santans 9 lane prizon.

Jij Anna Sotnikova fè konnnen li konte nan santans la tan ke Griner deja pase nan prizon.

XS
SM
MD
LG