Accessibility links

Breaking News

LaMezon Blanch 'Mande' Larisi Aksepte Twoke Griner Pou yon Lot Prizonye pou li ka Rantre nan Peyil


Brittney Griner
Brittney Griner

LaMezon Blanch anonse jedi ke yo "te mande" otorite Ris yo pou yo aksepte "òf serye" ke yo te fè a, kote yo mande echanj plizyè prizonye, yon fason pou yo jwenn retou Brittney Griner Ozetazini.

Etazini mande pou fè echanj pou jwè baskètbòl Griner ak yon lòt sitwayen ameriken, Paul Whelan.

Pòtpawòl Lamezonblanch Karine Jean-Pierre, denonse "detansyon abizif" Jwèz baskètbòl la, Jedi nan Larisi "Nou te fè yon òf sibstansyèl pou mennen limenm 'ak Paul Whelan tounen lakay yo. Nou mande Larisi aksepte òf sa a".

Yon tribinal nan Larisi deside jodi a poul kondane jwèz WNBA a pou li pase 9 ane nan prizon pou posesyon dwòg.

XS
SM
MD
LG