Accessibility links

Breaking News

Majistra New York la, Eric Adams, Dekrete yon Eta Dijans Pou Lite kont Maladi Varyòl Senj la


Nouvo Majistra vil Nouyok Eric Adams k'ap tann tren souteren kap mennen'l nan Otel de Vil la premye jounen travay li nan Nouyok, Samdi 1 Janv. 2022.
Nouvo Majistra vil Nouyok Eric Adams k'ap tann tren souteren kap mennen'l nan Otel de Vil la premye jounen travay li nan Nouyok, Samdi 1 Janv. 2022.

Majistra Kominal vil New York la, Eric Adams, dekrete yon eta dijans lendi nan kad efò k ap fèt pou anpeche maladi varyòl senj la gaye nan vil la. Nan yon deklarasyon Adams fè pibliye ansanm avèk dekrè a, li di:

“ Dekrè sa a pral ranfòse efò nou te deja ap deplwaye pou nou edike, vaksinen, teste e trete otan New Yorkè posib epi garanti ke nou pote yon repons gouvènmantal pou eklatman epidemi sa a.”

Dekrè a pèmèt majistra Adams sispann lwa lokal yo epi enpoze pwovizwaman nouvo règleman pou mete kontwòl sou pwogrè epidemi an.

Se konsa tou, Gouvènè Eta New York la, Kathy Hochul, te deja dekrete vandredi yon eta dijans kont dezas. Anvan sa, li te anonse ke pandan 4 a 6 semèn k ap vini yo, gouvènman federal la pral distribiye 110 mil dòz vaksen atravè eta a, mete sou 60 mil dòz otorite lasante yo te deja distribiye.

XS
SM
MD
LG