Accessibility links

Breaking News

OMS Deklare Varyòl Senj la Se Yon Ijans nan Sante Piblik


FILE PHOTO: European Union - African Union summit in Brussels
FILE PHOTO: European Union - African Union summit in Brussels

Direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) Tedros Adhanom Ghebreyesus sèvi ak otorite li samdi a pou deklare Varyòl Senj la yon ijans nan sante piblik ki bay enkyetid entènasyonal. Aksyon sa a vini apre yon Komite Dijans ki te reyini pou revize sityasyon an pat ka jwenn yon antant.

Dènye fwa Komite Dijans la te reyini, sa gen yon mwa, yo te rapòte bay OMS plis pase 3-mil ka varyòl senj la nan 47 peyi. Depi lè a, epidemi an grandi, e 75 peyi rapòte plis pase 16-mil ka. Yo rapòte tou ke 5 moun mouri ak maladi a.

Otorite ameriken yo te fè konnen nan mitan mwa sa a yo t ap voye plis pase 100-mil dòz vaksen nan kèk eta, e ke yo kòmande plizyè milyon lòt pou mwa k ap vini yo.

XS
SM
MD
LG