Accessibility links

Breaking News

Madagascar: Bandi Vòlè Bèt Touye 32 Moun Apre yo Mete Dife nan yon Vilaj

Felix Fitiavantsoa, 20, and his brother start a fire in a wooded area in order to start cultivating it, in the Tsihombe commune, Androy region, Madagascar, February 13, 2022. (REUTERS/Alkis Konstantinidis )

Bandi ki tal vòlè bèf nan Madagascar te koze lanmò omwen 32 moun apre yo te mete dife nan kay ki nan yon vilaj ki nan nò kapital la, prezidan malgach la te pwomèt ke lajistis pral pini koupab yo pou "masak" sa.

Prezidan Andry Rajoelina di nan yon mesaj pou nasyon an: "Nou dwe jwenn otè masak sa a epi kondane yo daprè lalwa ki an vigè", "Lame malgach la pran tout responsablite l pou l vin pote sekou bay popilasyon an epi pou l pousuiv bandi yo".

Dapre lapolis, 32 moun pèdi lavi yo, e 3 lòt blese pandan atak yo, kò gang sa te gen 12 bandi ladanl yo te fè atak sou vilaj Ambolotarakely vandredi.

Elikoptè lame yo te deplwaye pou lokalize sispèk yo epi ede twoup yo fouye zòn nan.

Lapolis te di ke agresè yo - vòlè bèf, - e yo te mete dife nan 3 kay anvan, 3 blese yo te nan swen entansif nan yon lopital lokal.

XS
SM
MD
LG