Accessibility links

Breaking News

Gabon: Ansyen Pòtpawòl Prezidansyèl la Kondane Pou l Pase 8 an nan Prizon pou "Detounman Lajan Leta"


L’entrée du CHU de Libreville, le 8 mai 2022. (VOA/Ismael Obiang Nzé)
L’entrée du CHU de Libreville, le 8 mai 2022. (VOA/Ismael Obiang Nzé)

Ansyen pòtpawòl prezidansyèl Gabon an, Ike Ngouoni, jwenn kondanasyon li pou li al pase 8 an nan prizon. Se yon tribinal Kriminèl Espesyal nan Libreville ki te bal santans sa a. Yo akizel de "detounman lajan leta" ak "blanchi lajan", dapre sa avoka li yo te di AFP.

Misye Ngouoni gen pou l peye tou yon amann 50 milyon franc CFA ki egal a (65,000 ero) ak on lot amand 5 milya (7,5 milyon ero) pou dedomajman ke li dwe bay Leta Gabonè a.

"Se yon desizyon enjis" avoka akize a Me Carole Moussavou te di AFP, e li reyafime ke lajan ke Mesye Ngouoni te jere yo "pa lajan leta paske yo pa soti nan Trezò Piblik men nan yon kont prive".

Ansyen konseye espesyal Prezidan Ali Bongo Ondimba te kondane pou "detounman fon piblik" nan ane 2017 a 2019 pandan li t ap sèvi kòm chèf kominikasyon prezidansyèl la.

Mesye Ngouoni te otorize sou aspè "detounman fon piblik" ak "konplisite nan detounman fon piblik"..

XS
SM
MD
LG