Accessibility links

Breaking News

Jerome Powell ak Wo-plase Kongrè a Paka Antann yo Sou Rapò Senatè Repibliken yo Pibliye


Federal Reserve Powell
Federal Reserve Powell

Chèf Rezèv Federal Etazini Jerome Powell ak yon manm wo-plase nan Kongrè a paka antann yo sou yon rapò ke Repibliken nan Sena a publiye, madi, ki fè konnen LaChin ap chache enfiltre Rezèv Federal la e ke bank santral la pa fè ase pou sispann sa.

Rapò-a, ke manm minorite Repibliken nan Komisyon Sekirite Enteryè ak Afè Gouvènmantal nan Sena a lonje dwèt sou LaChin kòmkwa li sèvi ak pwomès enteresan tankou kontra nan edikasyon ak rechèch pou chache atire ekonomis k ap travay nan plis pase mwatye nan 12 Bank Rezèv Federal ki nan sistèm nan, pou yo ka pataje ak Chinwa yo enfòmasyon ki pa piblik sou sa k ap vini pou ekonomi an e sou desizyon ke otorite yo pwal pran nan politik monetè.

Sa LaChin vize, dapre rapò a, se "depase Etazini kòm lidè ekonomi mondyal la e mete fen nan pozisyon dola a kòm prensipal lajan pou rezèv mondyal."

XS
SM
MD
LG