Accessibility links

Breaking News

Afrik: Minis Afè Etranjè Sergei Lavrov Rive Kongo


FILE PHOTO: G20 Foreign Ministers' Meeting in Nusa Dua, Bali
FILE PHOTO: G20 Foreign Ministers' Meeting in Nusa Dua, Bali

Minis Afè Etranjè Ris la rive nan Peyi Kongo, ki se dezyèm vwayaj li nan kad yon vire won li ap fè sou kontinan Afriken an.

Chèf diplomasi Ris Sergei Lavrov rive dimanch aswè nan Oyo, ki sitiye nan nò peyi Kongo, kote li te kòmanse dezyèm etap nan plizyè vwayaj li gen pou li fè sou kontinan Afriken, li te kòmanse l nan peyi Lejip.

Prezidan Sassou Nguesso ak Minis Sergei Lavrov gen pou yo fè yon chita pale nan lendi.

Depi lè Larisi te lanse operasyon spesyal li nan Ikrèn nan mwa fevriye a, Kongo-Brazavil te konsidere kòm yon peyi "net" nan konfli sa a, li pat ni kondane, ni opoze ak lagè a.

Aprè vizit li nan Kongo, Lavrov pral vwayaje nan peyi Uganda ak peyi Letiopi.

Nan Ker, li te eseye rasire pep Ejipsyen an sou enkyetid yo genyen akoz ensekirite alimantè, an Afrik an patikilye.

XS
SM
MD
LG